Pandan mwa fevriye a DGI ap louvri pòt li chak samdi

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pandan mwa fevriye a dgi ap louvri pòt li chak samdi 

Daprè yon avi li pibliye 3 fevriye 2023, biwo DGI zòn metwopolitèn ak Direksyon Depatmantal yo ap louvri chak samdi pandan tout mwa fevriye a soti 8è nan maten pou rive midi, nan lide pou pèmèt sitwayen yo ranpli fòmalite ki gen rapò ak obligasyon fiskal yo.

Selon avi sa a, ki pote siyati Direktè Jeneral DGI a, Jean Emmanuel Casséus, dispozisyon sa a vize pèmèt kontribyab yo ranpli fòmalite ki gen rapò ak obligasyon fiskal yo nan enstitisyon an.
Li enpòtan pou nou raple, depi Prezidan ameriken an Joe Biden te fin anonse pwogram imanitè an, 5 janvye pase a, plizyè santèn sitwayen Ayisyen pa t pran tan pou yo te debake prese prese nan biwo DGI a pou ranpli fòmalite yo ki gen rapò ak jwenn dwa ak yon paspò epi matrikil fiskal yo.
Nan lide pou ede sitwayen sa yo, DGI  depi mwa pase a te louvri chak samdi soti 8 a.m. pou rive 12 p.m

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.