Mesye yo di ba yo « nudes », « nudes » se lavi!

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice

Yon esmatfòn, yon espas sekirize, klap yon foto pati, mesaj monte, mennaj la, bae oubyen mari a resevwa « nudes ». Eske tout mesye yo renmen sa? Kijan yo santi yo lè yo resevwa « Nudes »? Ki enpòtans sa genyen nan relasyon an daprè yo menm?  Se tout kesyon sa yo kèk gason te reponn redaksyon Net Al Kole Média nan yon chita pale.

Dènye tan sa yo, koze voye ti foto seksi bay mennaj oubyen mari fin pran vil la. Anpil moun pale de sa an byen ou an mal, anpil moun fè l tou e genyen tou menm si y ap pale pratik sa ak moun ki pratike l yo mal, yo fèl tou poutan. Esmatfòn ki rantre nan lavi moun, vin fasilite echanj sa yo anpil nan relasyon anmourez yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè nan nou omwen yon fwa nan lavi nou te resevwa oubyen voye ti foto seksi. Pou kèk moun, sa ta yon mwayen pou kenbe flanm lanmou an ak koneksyon seksyel nan yon relasyon.

« Mwen renmen lè moun mwen pataje fotol an jeneral avek mwen, yon nouvo kout peny, li sot oubyen pral legliz, li sot met yon bel vernis elatriye, « nude » menm se pa pale. « Nude », « demi-nu », jòf… tout kalite nèt. Pou mwen « nude » la ajoute yon koneksyon sans parèy nan relasyon w ak moun nan e sèvi tou pou ranfòse lyen yo, ke l te madan marye ke l te mennaj », daprè Angelo.

« Pa gen lavi san nude« , pou Sebastien ki pi devan fè konnen « nude lan gen pouvwa menm pou leve mò ».

Pou kèk lòt moun, se pa sèlman ak mennaj oubyen moun ou marye an ou ka pataje koneksyon sa yo. Gen koneksyon seksyèl la tou ou ka kenbe nan pataje nude ak yon moun ki gen efè sou ou, ki atire w seksyèlman.

« Wi mwen renmen nude. Se nude ki kenbe m an koneksyon seksyèl ak yon moun m gen feeling pou li. Si m anvi yon moun epi l kenbe m an otaj ak nude li moun sa gen anpil chans pou m toujou anvi l epi m mastibe pandan m ap panse ave l », se sa Samy T-Jèn ki rele tèt li papa nude fè konnen.

Kèk medam te bay avi yo tou sou koze sa. Yo fè konnen se ta yon mwayen senp pou w kenbe nèg ou, pou w fèl toujou ap panse avè w epi pran nanm nèg la tou. Gen lòt ki fè konnen gen yon sekrè nan sa.

« Si medam yo te konnen ki sekrè ki genyen nan voye nude bay nèg yo, yo tap fèl chak jou. Ou mete nèg la sou pik li, ou fè l toujou ap panse avè w, li paka tann pou l vin jwenn ou. Aprè yon nude, nèg la ka ba w syèl la si w mande l li e si w pa mande l, l ap ofri w li », daprè Monique.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Marie-Ange te deklare : »Mwen panse voye nude enpòtan nan yon relasyon e sa kreye yon konplisite ant de moun yo. Pou mw se yon lyen entimis ki ale pi lwen pase fè bagay ».

« Mwen renmen voye nude sitou si m nan yon relasyon a distans. Nude nan yon relasyon konsa, pèmèt moun yo toujou gen yon koneksyon, menm si yo lwen youn de lòt e li rann moun yo pi alèz ant yo tou. Voye nude lan tou, diminye chaj libido a ki te ka lakoz moun nan al twonpe w », Se deklarasyon Farha.

« Mwen pa t renmen fè l, nan sans m timid, menmsi mennaj mwen te mande m fè l m pa t dakò. Pou mwen se te kont la pudeur, ou pa serye si w ap fè sa, nèg la pa p pran w oserye…gen yon kote mwen te ye epi sijè a ouvri, te gen anpil gason nan espas la e se la map vin konprann kijan sa enpòtan pou mesye yo e ke se pa sa k ap fè moun nan pran w oserye ou non », jèn fanm ki deklare sa, pa t vle nou site non l, ni li pa t deside di si l vin rantre nan ekip voye nude lan, li te prefere ri tan pou l reponn kesyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mande mesye yo poukisa yo renmen resevwa ti nude yo konsa, anpil ladan yo swa ri oswa di w yo pa konnen, yo jis renmen l. Gen Baby ki fè konnen, resevwa nude ranfòse virilite l, sa fè l santi l gason.

Gen Federson menm ki di, resevwa nude reveye libido l ansan m ak tout selil seksyèl li otomatik. « Sa konn rive w ou ap feyte kèk paj liv kwizin epi w tonbe sou yon foto e menm kote a ou anvi goute l, ou fantasme, ou eseye devine tout ekstaz ki mache ak pla sa, ebyen se menm efè sa Nudes fè sou mwen. Sitou lè mwen jwenn li sanzatann, san mwen pa mande, lè konsa li reveye tout virilite m, libido m, se komsi tout selil sexyèl mw ajanse. Like a drogue, sof ke yo pa gen menm efè. »

Angelo te ale pi lwen pou l di : »Se bèl bagay lè w nan travay oubyen konsantre ap regle yon bagay kèlkonk epi ou tande ping epi se yon nude ki monte… Mwen renmen nude paske li fè m rantre nan yon lot mond, li fè m sonje moman pase e menm imajine sa k ki pral pase oubyen ki pa p menm rive menm…. Bagay moun fou nèt (li ri.) Mwen pa renmen sere yo menm lè mwen pa jwenn souvan e menm si se ta menm nan yo plede revoye pou mwen li vle di anpil. Si se mwen ki sere l ki al gade l nenpot lè se pa menm bagay ak lè w resevwa l. »

« Se bèl vi wi pou w chita nan travay ou, patwon ap ba w chalè, ou strese epi ou tande plizyè mesaj monte yon moman. Lè w gade nan ba notifikasyon an, dènyè mesaj la di w pa ouvri l devan moun, ou wè la, nanm ou kite kò w lontan, ou ka menm kite sa wap fè a pou w al gade epi ou paka tann pou w al jwenn moun sa. Ou bliye tout pwoblèm tout strès. Fanm mwen voye nude pou mwen, m garanti w mwen met gen sèlman 500 goud kòm tout kòb mwen swa mwen ba li l swa m achte yon bagay pote pou li. »

Gen Robenson ki eksplike madanm li pa t renmen fè sa malgre li konn mande l li men yon lè tou timid madanm li voye pou li. Li pran moto kite travay li depi Thor pou rive pegivil, li tap sanble yon kòb, rapid li bay madan m li li.

« Li toujou bon pou w ap admire kò yon moun ou toujou pran plezi pou w pase tan avè l, pou w touche l, penetre l. Li toujou bèl pou wap admire achitekti kòporel moun sa. Se yon bagay mwen renmen men m pa vle akwo avè l paske gen moun ki ka voye nude li ba ou e oumenm ou pral vle plimen aloske ou konnen sa pap fèt. Men nude lan fè w fantasme ou resevwa l ou gentan imajine tout sa ou te ka fè ak moun nan. »

Men gen gason ki pa renmen nude, ki pito admire kò a an layv. Julien fè konnen kò a se yon tablo yon gran atis fè, e pou w bay zèv sa tout valè li, li preferab pou w deplase pou w al gade l. « Je pense que le corps féminin ou masculin est un tableau d’un grand dessinateur. L’apprécier demande un effort: se déplacer pour l’admirer, le contempler. Par téléphone, hormis pour satisfaire sa curiosité ou pour se lancer dans des initiatives de plaisir personnel, il n’y a pas toutes ces considérations. Ce côté merveilleux s’éclipse. »

Menm si mesye yo renmen nudes men yo pa renmen l nenpòt kòman. Anpil nan yo fè konnen, fi a pa oblije toutouni. Pou yo nudes ki pi eksitan se pa sa ki fet toutouni yo oubyen griyen bouboun men se pitò lè fanm nan a mwatye ni epi li mete tout kreyativite li deyò pou l bay yon nude ki eksitan, ki bay tanta, sispens, sa yo ki fè w anvi jwenn ankò, fè w paka rete kote ou ye a pou w al jwenn moun nan. Mesye yo vote pou lenjri fin yo anpil ki kòm kwa ta jwe yon gwo wòl nan vire lòlòj yo.

Nude fè mirak, nude débouse gason, pran nan m gason…alòs medam, men boul nou, jwe…

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.