Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant, jwenn revokasyon l jounen vandredi 11 novanm lan e bay plas la ak Ronald Richemont ki se t ap dirije pakè nan tribinal premye enstans Okay la.
Nan yon korespondans ki pote dat 11 novanm, Minis jistis la, Bertho Dorcé, anonse desizyon Ministè a pran pou revoke Mèt Jacques Lafontant pou divès zak, tankou koripsyon, malvèzasyon ak abi pouvwa.
Daprè korespondans sa, plizyè plent ta depoze kont komisè gouvènman an ki ta enplike nan divès zak malonèt. «Nouvo dosye sa ajoute nan yon long lis plent ki denonse zak koripsyon, malvèzasyon ak abi pouvwa w yo», tradiksyon yon pati nan korespondans sa.
Mèt Jacques Lafontant jwenn revokasyon l pou fot administratif grav, daprè korespondans sa, e kite plas la pou chèf pakè Okay la Ronald Richemond.
Yon dezyèm echèk nan tèt pakè Pòtoprens lan pou Mèt Jacques Lafontant ki te deja okipe pòs sa sou administrasyon ansyen Prezidan Jovenel Moïse lan.
Facebook Comments