Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Mibalè : arestasyon yon nonm 37 lane paske li te vyole yon ti fi 10 lane

Share

Philesca Denel jwenn arestasyon li anba men otorite Lapolis yo mèkredi 23 novanm pase a, nan Mibalè. Depatman Sant peyi a. Daprè lapolis, yo t ap chèche kou chen fou endividi a paske l te gen akizasyon kòm moun ki te vyole yon ti fi 10 lane. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Yo arete yon swadizan kadejakè mèkredi 23 novanm 2022 a nan Mibalè, yon komin nan depatman Sant peyi a, li rele Philesca Denel. Yo te arete l nan yon lokalite ki pote non “Deniyon”, pandan yon operasyon lapolis. Philesca Denel, ki gen 37 lane, akize kòm kwa li te vyole yon ti fi ki gen 10 lane nan zòn nou site a.  

Kòm rezilta, lapolis te chèche l aktivman. Nan yon nòt ki pibliye sou paj Facebook li a, lapolis fè konnen yo arete tou Dorcely Murlin 43 lane.  

Se ajan UDMO yo nan Mibalè ki te pwosede ak arestasyon sila a, Dorcely Murlin te li menm tou aktivman anba rechèch fòs lòd yo, pou swadizan patisipasyon li nan detounman lajan ak byen moun, kòm yon manm nan gang ki opere respektivman nan “Rosemberg ak Canaan”, nan Komin Kwdèboukè, te relate enstitisyon lapolis la.  

Depi lè a, Dorcely Murlin ak Philesca Denel kenbe nan prizon andedan Komisarya Mibalè a annatandan aksyon legal yo, nòt la te konkli. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by