IMMIGRATION

Migrasyon dominikèn ap chase Ayisyen lannuit kon lajounen 

Direksyon jeneral migrasyon (DGM) Repiblik dominikèn pa deside mete yon fren nan pwosesis ekspilsyon migran ki ilegal yo sou teritwa li a, patikilyèman (majoritèman) Ayisyen yo. Depi fen novanm li lanse yon operasyon pou chèche moun ki san papye yo lannuit kon lajounen. 

Yon sous nou an Repiblik dominikèn rapòte n li temwen yon kategori operasyon rechèch otorite migrasyon yo lanse depi apwòch fèt fen ane yo nan plizyè vil ki gen repitasyon loje anpil Ayisyen, majorite se san papye. 

Li fè konnen, plizyè ajan DGM, ki jwenn sipò lame domiken an, a plizyè fwa debake avèk motosiklèt epi gwo kamyon nan Santiago de los Caballeros kote l abite. Konsa, nan deplasman l nan Punta Cana, li fè menm remak la: plizyè kamyon ki gen Ayisyen ki fèmen ladan yo pil sou pil tankou bèt y ap pare pou depòte byen ta, bò 7è nan aswè. 

N ap raple, pou fen ane a, Direksyon jeneral migrasyon an nan Repiblik Dominikèn (DGM) te pwomèt l ap ogmante operasyon depòtasyon migran ki san papye yo sou teritwa li a. Toutfwa li te deklare l ap fè kou l konnen pou migran ki ilegal yo resevwa pi bon tretman pandan pwosesis sila 

Malgre divès demand kominote entènasyonal la fè nan dosye sila, Repiblik dominikèn deklare li pa p sispann depòtasyon li yo. Nan sans sa, Direktè jeneral migrasyon an, Venancio Alcántara deklare yo deja mete plizyè sant kanpe nan zòn Elias Piña, Dajabón ak Haina pou resevwa san papye y ap depòte yo, nan lide pou yo ka jwenn pi bon tretman. 

Nasyonzini te mande prezidan dominiken an Luis Abinader pou l sispann depòte Ayisyen yo ki san papye sou teritwa li a akòz sitiyasyon peyi d Ayiti pa favorab pou sa, li te fè konnen se prensip l ap mete nan peyi l, l ap aji jan Konstitisyon dominiken an mande sa. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.