Minis jistis ak sekirite piblik la, Bertho Dorcé, montre li fache aprè plizyè sèn piyaj ki anrejistre dènye jou sa yo nan plizyè enstitisyon piblik tankou prive nan zòn metwopolitèn lan ak plizyè vil pwovens.
Nan yon piblikasyon sou kont Twitter li jounen samdi 17 septanm 2022 an, minis Bertho Dorcé di li kondane ak tout fòs li zak vyolans ak piyaj ki fèt nan plizyè enstitisyon prive ak piblik andedan peyi an, ansanm ak kay plizyè lidè politik ki pwòch gouvènman an.
«Nan non gouvènman an, mwen kondane ak tout fòs mwen zak vyolans, piyaj ak vandalis ki fèt kont lokal enstitisyon piblik ak entènasyonal, antrepriz prive, ansanm ak rezidans de lidè politik epi senp sitwayen», deklare titilè MJSP a.
Pi lwen, minis jistis ak sekirite piblik la kalifye de sovaj, revòltan, zak sa yo ki rive nan kad mouvman pwotestasyon yo. Pou Bertho Dorcé se de zak ki dwe trake paske y ap fèt nan do lalwa, ki pa kadre ak eta de dwa epi prensip demokratik yo.
Depi plizyè jou, popilasyon an nan rejyon metwopolitèn lan ak nan plizyè vil pwovens pa sispann kraze brize epi piye tout sa yo jwenn sou wout yo, prensipalman depi anons gouvènman an pou ogmante pri pwodui petwolye yo nan ponp yo.

