Minis Mélanie Joly salye kapasite rezistans pèp ayisyen an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
minis mélanie joly salye kapasite rezistans pèp ayisyen an
Nan okazyon komemorasyon evènman trajik tranblemanntè 12 janvye 2010 yo, Minis kanadyen afè etranje an Mélanie Jolie salye kapasite rezistans pèp ayisyen an ki, trèz lane aprè, kontinye ap batay pou yon lavi miyò.
Nan yon piblikasyon sou kont Twitter li jodi jedi an, Minis afè etranje kanadyen an renouvle soutyen peyi Kanada ak pèp ayisyen an ki jounen jodia ap komemore 13 lane depi goudougoudou te ravaje peyi a, prensipalman rejyon metwopolitèn lan.
«Sa gen 13 lane, Ayiti te frape pa yon kokennchenn tranblemanntè ki ta pral pote ale epi chanje pou toujou plizyè milye vi», tradiksyon mesaj minis lan ki t ap salye kouraj pèp ayisyen an ki toujou ap reziste nan yon kontèks vrèman difisil.
Minis Mélanie Joly renouvle solidarite gouvènman kanadyen an ki, daprè sa l fè konprann, ap toujou bò kote pèp ayisyen an. Nan menm elan solidarite sa, Kanada livre yon lòt lo nan materyèl ekipman gouvènman ayisyen an te kòmande pou ranfòse kapasite Lapolis la.
N ap raple, tranblemanntè 12 janvye 2010 lan ki jiskaprezan se youn nan pi gwo katastwòf peyi an konnen depi egzistans li, te pote ale plis pase 230 000 moun ak atravè tout peyi an, san konte sila yo ki jounen jodia ap viv ak andikap.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.