Serena Williams se non yon sipèsta tenis amerikèn ki chwazi resevwa jezi nan lavi l epi ki batize. Daprè imaj ki pibliye sou rezo sosyal yo, se yon desizyon anpil moun aplodi epi ki pote lajwa nan kè plizyè sitwayen espesyalman fan li yo.
“Remèt Jezi lavi w”, se pa yon desizyon ki janm fasil, sitou bò kote moun ki selèb yo. Poutan Serena Williams, malgre evolisyon li genyen nan tenis lan, sa pa anpeche l pran desizyon sa ak anpil fyète. Sipèsta a vle fè pase yon mesaj atravè gwo chwa sa li fè a, ki sanse atire atansyon anpil moun.
Yon lòt bò, gen plizyè fan ki kapab ap poze tèt yo kesyon poukisa yon moun ki rive nan nivo sa bezwen remèt Jezi lavi l? Daprè imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo, Serena vle fè yo konprann, ou kapab menm posede tout latè men san Jezi laviw pa vo anyen.
Serena se youn nan pi gran jwè tenis amerikèn ki make pasaj li nan mond tenis lan. Li te ranpòte 39 tit ” Gran Chelem” senp epi doub tankou: 7 Open ostrali, 3 Rolan Garo, 7 Wenbledon epi 6 us open. Nan senp: 4 open ostrali, 2 Rolan Garo, 6 Wenbledon epi 2 Us doub dame ak sè li a ki se Venus Williams. Sipèsta amerikèn nan fèt nan dat 26 septembre 1981 nan zòn Saginaw, li se ti sè Venus Williams.
Serena Williams ki se yon gran jwèz tenis amerikèn, vle lanse yon mesaj atravè gwo desizyon sa li pran an. Jèn jwè a vle fè konprann kèlke swa moun ou ye, kèlke swa ran sosyal ou te kab okip nan sosyete a, ou bezwen Jezi nan lavi w. Paske chak moun k ap viv sou tè sa gen yon vid nan lavi l, men lèw ta posede tout richès ki genyen nan mond lan se sèlman Jezi ki kapab konble l.