Ministè edikasyon nasyonal ap travay pou 100% lekòl yo relouvri apati janvye

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ministè edikasyon nasyonal ap travay pou 100% lekòl yo relouvri apati janvye
Nan yon konferans pou Laprès nan tèt kole ak plizyè aktè edikatif nan peyi a, Minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat fè konnen li gen konviksyon tout timoun ki dwe ale lekòl ap kapab rantre lekòl apati mwa janvye 2023 a, dat ki kenbe nan nouvo kalandriye remanye MENFP mete deyò a.
Daprè Minis Manigat, Ministè a anrejistre pou semèn sa plis pase 70% lekòl ki deja relouvri sou tout 10 depatman peyi a nan kad rantre lekòl tipa tipa Ministè a te antreprann nan kòmansman mwa novanm lan aprè dènye twoub sosyopolitik yo.
Nan kad konferans pou Laprès sa, menm jan ak tout lòt aktè nan sektè edikatif la ki te prezan an, Minis Manigat raple nesesite ki genyen pou timoun yo ale lekòl, sa ki se yon dwa fondal natal pou chak timoun nan kèlkeswa kwen li twouve l sou teritwa nasyonal la.
Titilè MENFP a pwofite okazyon sa pou felisite tout aktè nan sektè a ki te kontribiye pou aktivite lekòl yo te kapab reprann nan peyi a, e ki kontinye ap fè jefò pou garanti dwa sa timoun yo genyen pou ale lekòl epi aprann.
Minis edikasyon nasyonal la te egalman pale sou nouvo kalandriye remanye sa ki, daprè pawòl li, ap valide yon kantite jou lekòl ki respekte nòm entènasyonal yo. Pou Nesmy Manigat, sa « ap pèmèt timoun yo gen tan fè aprantisaj ki solid epi òganize egzamen Leta ki kredib».
Pandan mwa desanm lan, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl deja lanse pwogram distribisyon Liv Inik lan ki pral anseye nan klas Premye ane fondamantal sou teritwa nasyonal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.