Mayestwo ak chantè gwoup konpa “Nu-look” la, Arly Larivière, chwazi soti nan silans li, nan yon videyo li pataje sou kont Instagram li ki dire 3 minit 21 segond. Kote l pote eklèsisman sou dosye mizisyen ” Nu-look” la, Alix Nozil, k ap fè anpil bòz sou rezo sosyal yo, kote anpil moun entèprete l nan fason pa yo.
” Banm di nou m santim trè mal, trè trè mal pou m ap pale de yon mizisyen kem pataje sèn avèl sa gen plis pase 20 lane. Alix Nozil se yon frè mizisyen, an deyò de Nu-look se yon moun m te devlope yon lòt relasyon avèl. Se yon moun m konnen m te fè anpil konfyans ak vim, gen anpil bagay mwen pataje ak Alix”, deklarasyon vedèt Nu-look la.
Arly Larrière pa mete dlo nan bouch li, pou l fè limyè sou dosye sila k ap valen teren sou rezo sosyal yo. Kote anpil moun konprann li koupe fache ak Alix, epi yo ta kwè lap resevwa yon move tretman nan Nu-look, Jenn atis la souliye sa anpil moun panse a se pa sa.
” Dosye m wè k ap fè pale anpil sou rezo sosyal yo ki ta vle fè kwè m agrese Alix la, premyèman se yon bagay ki pase nan mwa novanm 2021, dezyèm man se yon bagay mwen ak Alix t ap diskite moun ak moun, se pat janm agresyon, se te de moun ki t ap diskite, mon chè pa fèl konsa lèw fèl konsa ou fèm parèt lèd. Se domaj anpil moun pran sa pou fè kapital yo avèl, mache vann li epi fè konprann Alix ap resevwa yon move tretman nan Nu-look, c’est triste de le dire”, eksplikasyon Jenn Atis la.
Jenn chantè a montre fan li yo nan videyo a, koman l renmen Alix epi l pa gen pa gen anyen ak li vrèman. O kontrè pou li, li se yon frè, yon zanmi. Epi Arly pwofite okazyon an pou l kesyone konfrè l la.
” Mon frère ki sa w gen a frè w, bay vrè rezon an m pa panse yon senp vwayaj te ka fè nou pèdi relasyon moun ak moun nou te genyen an”.
Vedèt Nu-look lan rete konfyan, epi l ap ret tann yon repons nan men zanmi l lan, ki deja pataje plis pase 20 lane avèl sou sèn.
View this post on Instagram
N ap raple Arly Larrière fèt nan lane 1972 nan vil kap Ayisyen, li se yon mizisyen yon konsitè. Li vrèman make pasaj nan mond kilti a nan peyi dayiti kou lòt bò dlo ak bèl mòso l yo. Li rete kòm yon etwal briyant nan endistri mizik Ayisyèn nan.