Categories: AN KREYÒL ÉDUCATION

Ministè Edikasyon Nasyonal di li tande vwa elèv yo k ap manifeste pou pwofesè nan Lwès la

Share
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) atravè Direksyon Depatmantal Lwès di li pran ak de liseyen yo ki te nan lari pou ekzije prezans pwofesè nan sal klas. Li enfòme li deja tanmen demach pou pote yon solisyon ak sa.
Direksyon Depatmantal Lwès (DDEO) lese konprann pata sipoze genyen pwotestasyon pa bò kote elèv lide yo nan lari a pou zafè pwofesè piske ministè a pa dwe pyès pwofesè kòb, kidonk yo ta sipoze disponib nan sal klas yo pou ap dispanse kou.
DDEO pote presizyon sila nan yon nòt ki pote siyati direktè li, Étienne Louisseul France ki deklare tout chèk mwa mas yo rive jwenn anseyan yo. Deja n ap raple, MENFP te sòti yon nòt kèk tan oparavan pou te di reyèlman chèk pwofesè yo disponib nan Lwès la, pou yo te pase pran yo.
N ap raple, nou sou kèk lane la depi elèv ki nan plizyè lise ap plede pran lari pou mande prezans anseyan anndan sal klas yo. Ni nan kapital la Pòtoprens ak nan vil pwovens yo, pami yo Jakmel, sila ki swaf edikasyon yo pa janm sispann fè vwa yo pase gran lajounen pou pwofesè yo paka jwenn alòske yo vle aprann.
Ane akademik 2022-2023 a rete konplike pou lekòl yo ki sou teritwa a : laplipa sa ki gen pwofesè yo paka (byen) fonksyone an rezon ensekirite a epi akòz kote yo plase, e sila ki pa gen pwofesè yo lakòz timoun yo pran lari pou manifeste pou jwenn ledikasyon.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: nesmy manigat