Ministè edikasyon nasyonal prezante yon kalandriye remanye pou ane akademik 2022-2023 a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ministè edikasyon nasyonal prezante yon kalandriye remanye pou ane
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl prezante ayè vandredi 16 desanm lan yon nouvo kalandriye remanye pou ane akademik 2022-2023 a k ap kouvri mwa janvye pou rive mwa dawout ak egzamen ofisyèl yo.
Parapò ak divès kriz sosyopolitik dènye mwa sa yo ki fè gwo enpak sou aktivite eskolè yo anndan peyi a, MENFP prezante yon nouvo kalandriye eskolè ki adapte ak sitiyasyon an kote anpil jou lekòl deja pèdi pou ane akademik sa.
Nan kalandriye remanye sa, Ministè a anonse yon rantre lekòl pou lendi 3 janvye k ap vini la pou etablisman ki potko janm ouvè pòt yo depi aprè peryòd kriz la, oubyen repriz aktivite yo pou sila yo ki te deja kòmanse fonksyone pandan de dènye mwa yo.
Ane akademik 2022-2023 a ap pran fen vandredi 4 dawout 2023 avèk egzamen twazyèm kontwòl yo. Elèv yo ap gen pou konpoze twa fwa nan kalandriye remanye sa, yon premye nan kòmansman mwa fevriye, yon dezyèm fen avril ak dènye a k ap fèt premye semèn mwa dawout.
Ministè a fikse pou 17 a 19 jiyè 2023 egzamen ofisyèl pou 9èm ane fondamantal yo, epi egzamen Fen etid segondè yo ki prevwa òganize sòti 31 jiyè pou rive 3 dawout 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.