Apre absans Ayiti nan lis peyi ki ta dwe patisipe nan konkou “Miss Universe” ki te pibliye nan dat premye me 2023 sou sit entenèt konkou sila, responsab òganizasyon “Miss Haiti” yo fè konnen nan yon kominike ki parèt nan dat 9 me an Ayiti ap gen pou patisipe nan konkou « Miss Universe » ane sa. Responsab yo tou pwofite anonse lansman enskripsyon pou konkou bote sa ki abitye fèt nan peyi a depi 2013 .
Òganizatè yo anonse lansman enskripsyon 11èm edisyon konkou Miss Haiti an k ap kòmanse 15 me k ap vini la. Konkou sila ap bay moun ki chanpyon an posiblite pou reprezante Ayiti nan konkou entènasyonal “Miss Universe” lan k ap gen pou fèt nan mwa desanm 2023, nan peyi Salvador.
Yon lòt kote, responsab yo fè konnen gen kèk chanjman nan fason konkou Miss Haiti a ap fèt ane sa .
Facebook Comments