Lapolis mete lapat sou pè Fritz Désiré nan kad dosye Legliz Episkopal la

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
lapolis mete lapat sou pè fritz désiré nan kad dosye legliz episkopal la

Aprè plizyè mwa nan kache, Lapolis arete jodi mèkredi 10 me a pè Fritz Désiré ki gen non l site nan dosye kagezon zam ak bal ajan fòs lòd yo te sezi nan waf Pòtoprens lan.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou, responsab Legliz Episkopal la jwenn arestasyon l jodi mèkredi a nan komin Petyonvil, presizeman sou wout frè. Pè Fritz Désiré te gen avi rechèch dèyè l.

Biwo afè finansye ak ekonomik (BAFE) te sòti yon rapò ankèt nan kòmansman mwa avril ki sot pase a ki te montre enplikasyon Pè Fritz Désiré nan dosye trafik zam ak bal sa ki t ap fèt sou kouvèti Legliz Episkopal.

Pou kounya, pè a twouve l nan men otorite Direksyon santral polis jidisyè yo ki poko fini ak ankèt sou dosye sa.

N ap raple, yon dizèn moun deja anba kòd nan kad dosye sa, pami yo pè Frantz Cole, Gina Rolls, kontab Legliz Episkopal la, Jean Gilles Jean Marie, elatriye…

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.