Endividi mal entansyone kidnape jou ki te jedi 4 me 2023 a Noël Edna, yon Madan Sara ki t ap sot achte pwawo ak lòt epis poul bouske lavi. Ak 3 pitit sou bra l ki sanse san papa, pi gran an ki genyen 17 lane pa t ka kenbe kriye paske malfra yo ta egzije 200 mil dola ameriken pou libere manman l.
Noël Edna ki se yon Madan Sara k ap chèche kote lavi fè kwen, viktim kidnapin nan komin Lestè ki twouve l nan depatman Latibonit. Gwoup gang k ap opere nan depatman sa kidnape l depi jedi 4 me an epi egzije gwo sòm lajan ameriken pou libere l.
Pi gran an nan pitit madanm lan ki genyen 17 lane t ap pale nan jounal kreyòl Premye okazyon jodi mèkredi 10 me an pa t ka kenbe dlo nan je l nan moman sa a li di fanmi an ap konfwonte depi premye apèl ravisè yo.
“Papa m paralize, papa m kokobe li pa p viv avèk nou. Nou pa gen moun ki pou ede nou. Bandi kidnape manman m, nou pa konn sa pou n fè”, pawòl ti demwazèl la ak anpil dlo nan je.
Malfwa yo egzije 200 mil dola vèt pou libere yon Madan Sara ki pase vi l ap bat dlo pou fè bè ak 3 pitit sou bra li san prezans ekonomik mari l. Depi 7 jou, se vwazinay k ap bay timoun yo tikal lamanjay. Yo twa a ap dòmi pou kont yo andedan yon kay. Malgre kri ki lanse, malgre sipliye yo sipliye yo, bandi yo pa brennen, yo kontinye ap kidnape malere ak malerèz ki redi di pou leve diyite pitit yo, pandan se yon manman, yon matant, yon sòyèt ki te leve yo.
Antouka, Leta san koutchya ki pa sispann pran desizyon pou ranpli pòch yo konplis nan alimante gang ki pa sispann kreye panik nan mitan popilasyon an san rete.
Facebook Comments