Miyami : Arestasyon yon nonm paske l ekspoze l toutouni devan plizyè fanm 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
miyami arestasyon yon nonm paske l ekspoze l toutouni devan plizyè fanm 

Lapolis nan Miyami arete Mike Kevin Jacques, paske li pran plèzi li kanpe toutouni ak kòk li pandjye 17 longè devan plizyè fanm ki loje yo nan apatman Avalon, presizeman nan Miramar, endividi a ki ap konpòtel tankou moun fou depi yon bon bout tan. Pi mal la lè foli a monte l, li mete l toutouni epi l ap karese tèt li, kòk li devan medam yo. 

Medam yo ki paka dijere aksyon vwazen yo Mike nan katye a, te blije alète lapolis sou sitiyasyon an paske misye ka vyole yo a nenpòt moman. « Mwen sezi, pou m konplètman onèt avèk ou, lè nou te deplase isit la nou pa t atann pou nou te wè anyen tankou sa a », te deklare youn nan vwazin yo nan jounal BBC. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè yon rapò lapolis nan Miramar pibliye sou arestasyon an,  Mike Kevin Jacques genyen 24 lane, li abite nan youn nan bilding apatman yo. Yon fwa, li frape pòt kay youn nan vwazin yo se te yon 5 desanm 2022. Fanm nan di ak ajan polisye yo, lè li louvri pòt la li pa wè pèsonn, men lè li rantre li pantan sou Jacques k ap manyen tèt li nan koulwa a, li te toutouni ak afè l byen rèd. « Yon jou mwen te wè l t ap frape nan pòt pam nan, Lè sa a, mwen te lòt bò pòt la, epi mwen jis gade, mwen wè l, men mwen pa konnen l, donk mwen pa louvri pòt la pou li, pa gen okenn rezon pou l ta frape pòt mwen », sa a se deklarasyon yon lòt rezidan. 

Plizyè lòt fanm rapòte rankont yo menm jan an ak Jacques nan mwa sa a. Daprè yon repòtaj ajans nou site anwo a pibliye 11 janvye a, lapolis te enfòme sou yon zak kadejak ki te fèt nan menm kominote a. Pandan yon parad idantifikasyon, non Jacques te idantifye nan lis viktim yo te bay fòs lòd yo. « Pou wè yon nonm ap mache konsa, lè gen timoun nan katye a ap monte bisiklèt san sipèvizyon aprè lekòl, sa enkyete m », te di yon rezidan. 

« Mwen pral kòmanse mande kiyès vwazen sa ye, ou konnen yon bagay !  mwen pa santi m an sekirite, epi manman m se isit la li rete tou, » te di Daniel Vasquez, ki abite nan katye a tou. 

Lapilis arete Jacques depi madi, yo te vin lage sou kosyon mèkredi nan aswè, men moun ki abite nan menm konplèks ak li yo di li pa ta dwe gen dwa retounen nan kanton an. Youn nan swadizan viktim Jacques yo te deklare li pa santi l an sekirite.  » Lè yo te arete l la mwen te santi m an sekirite, men kounye a li lage, m pa an sekirite menm, Kounyea mwen pè ». 

« Kriminèl tankou li pa ta dwe menm lage nan sosyete a. Yo pral reflechi sou ki jan yo dwe komèt krim yo, ki jan yo pa reyisi, yo pral kouri sou yon moun, epi Bondye konnen sa ki pral rive », te pèsiste premye vwazin nan. 

Yon lòt rezidan te di, Jacques fè fas ak 4 akizasyon atak endesan. Daprè rapò a, li demanti akizasyon yo lè yo te arete l la. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.