Lis machin lapolis bandi ap kouri monte desann chak jou 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lis machin lapolis bandi ap kouri monte desann chak jou 

Nan anpil zak kidnapin oubyen sasinay ki fèt nan peyi a, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, bandi san fwa ni lwa yo toujou itilize swa machin lapolis, inifòm lapolis, machin leta oubyen lòt estrikti sosyal nan peyi a, genyen plis pase yon 15èn machin konsa ki anrejistre epi k ap drive nan men bandi malfwendeng, san konte sa ki pa anrejistre. 

Nan yon entèvyou li te bay ak ekip redaksyon NetAlkole Média a, CG-SPNH17 la, Jean Adler Lundi, di gen yon total 8 machin PNH k ap sikile nan lari a san se pa polisye ki ladan yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men lis machine PNH ak lot oganizasyon, Bandi ap pilote : 

1) 1-00015 

2) 1-00884 

3) 1-01001 

4) 1-01046 

5) 1-01189 

6) 1-00569 

- Advertisement -
Ad imageAd image

7) 1-00186 

8) 1-00021 

Toujou nan ti bat bouch sa a li konfime se pa sèl machin lapolis ki anba men bandi yo, genyen machine Ofisyèl tou, tankou  :  

- Advertisement -
Ad imageAd image

1) OF-4109 

2) OF-4079 

Pou machin Kò diplomasi :  

1) CD-00414 

Pou machin Sèvis Leta ki nan men bandi se :  

1) SE- 00184 

2) SE- 00220 

Mande l ki dispozisyon Leta peyi a pran pou anpeche sa epi tabli lòd nan dezòd sa a, repons CG a se te « Si te gen Leta ! « , li fè konnen tou SPNH soulve pwen sa plizyè fwa ak wo grade yo nan lapolis la, chak yo pale de sa se tank dezòd la ap repete. 

CG Sendika Polis Nasyonal Dayiti a yon lòt bò deklare, « Nou dwe fè anpil atansyon ak plak machinn sa yo nan lari a, depi nou wè youn Nan machinn sa yo se Bandi kap kondi yo, rele lapolis ». 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.