Mondyal 2022 : Abit Frans-Mawòk la pase sipòtè mawoken yo nan rizib 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 abit frans mawòk la pase sipòtè mawoken yo nan rizib

Pou dezyèm demi final nan mondyal la nan peyi Kata, yè mèkredi a, nan match Frans-Mawòk la. Mesye César Ramos te abit santral rankont sa.Yon rankont ki fini 2-0, kote ekip Frans lan pral jwe ak Ajantin nan final dimanch k ap vini la. Men aprè match la, pèp mawoken an kwè abit la te blo yo sou yon penal li sipoze bay.  

Nan yon match kote seleksyon Didier Deschamps an, te chwazi bay ekip Mawòk la balon an, yon bagay yo pa te konn fè  depi nan faz eliminatwa yo. Nan yon teleskopaj ki te fèt ant Boufal et Théo Hernandez, jwè ak sipotè mawoken yo te panse abit la te dwe bay penal sou aksyon an. Sa ki pat rive fèt, olye de sa se Boufal li te bay yon katon jòn.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men aprè rankont lan mesye César Ramos pat rete nan silans li pou l te reponn ak tout sipòtè yo epi jwè ki ta rete kwè l te dwe bay Mawòk yon penal. Desizyon abit la kreye anpil polemik sou internet la epi nan medya yo. Sa ki pouse abit santral la reyaji konsa sou kont Instagram li.  

« Zanmi m yo ak tout pèp Mawòk la. Tanpri pran yon ti pasyans. Si n pa satisfè pou match la, nou kapab fè yon petisyon sou sit FIFA a e konsa match la ka rejwe ». 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive