Mondyal 2022 : chak jwè fransè yo ap resevwa anpil kòb depi yon champyon

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 chak jwè fransè yo ap resevwa anpil kòb depi yon champyon

Mondyal la rive nan bout li, 63 match gentan jwe. Jodi dimanch lan, nan stad Lusail la ekip Frans lan pral chache pran tit la yon twazyèm fwa nan listwa l e fè back to back la. Si jwè Ble yo ta rive champyon fas ekip Ajantin nan, chak jwè ap resevwa yon gwo chèk. FIFA ap bay champyon an 40,2 milyon ero.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou final ki opoze Frans ak Ajantin nan mondyal la, ekip champyon an ap soti ak yon gwo chèk, yon kantite kòb ki diferan ak sa FIFA te bay nan denyè edisyon an nan peyi Larisi (32,2 milyon ero). Men si Fransè yo rive genyen federasyon foutbòl Fransè a ap bay jwè yo yon bèl chèk.

 

FFF la ap bay jwè yo 30% nan kòb FIFA ap bay yo a, sa ki vle di chak jwè ap resevwa 400 000 ero yon kantite kòb ki diferan ak sa yo te jwenn nan denyè mondyal la ki se 300 000 ero.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive