Aprè ekip kwoasi a finn pran meday Bwonz lan nan 22e edisyon mondyal la nan peyi Kata fas ekip Mawòk la (2-1), jodi samedi an. Star ekip Kwoasi a fè yon deklarasyon sou avni li nan seleksyon an e kwè se denyè mondyal li.
Ekip Kwoasi a rive bat ekip Mawòk la nan ti final la (2-1) nan Khalifa Stadium nan epi fini 3e nan konpetisyon an aprè yo te fini 2e nan mondyal ki te fèt nan peyi Larisi. Aprè rankont sa, Luka Modric anonse l ka mete fen nan karyè entènasyonal li.
» Se kapab denyè mondyal mwen, men m poko ka di anyen. M kontan anpil pou karyè mwen ak Kwoasi. Nou gen yon bèl avni devan nou. M vle rete pou jis Lig nasyon an rive epi aprè sa n ap konn sa n ka fè. » Deklarasyon nimewo 10 Kwoasi a.
N ap raple ekip Kwoasi a gen pou l jwenn nan denyè kare Lig nasyon an nan mwa mas 2023. Posibilite pou Luka Modric al eseye chache yon tit pou seleksyon li an.
Facebook Comments