Moun jeremi dekouvri kadav yon etranje blan bò yon lanmè

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
moun jeremi dekouvri kadav yon etranje blan bò yon lanmè
Byen bonè maten vandredi 23 jen an, moun Grandans, espesyalman nan Jeremi, dekouvri kadav yon etranje blan yo pa rive idantifye bò yon lanmè nan vil la. Enfòmasyon yo fè konnen se ta vag lanmè a nan Gomye ki ta pouse kadav la.
Rapid vit, redaksyon NetAlKole Média te rantre an kontak ak plizyè sous pou konnen plis sou ka sa a. Daprè jounalis Ralph Simon, te genyen gwo lapli ak van ki t ap soufle nan zòn kote yo te wè kadav la depi nan lannwit 22 pou rive maten vandredi 23 jen 2023 a.
Pou popilasyon an te retire kadav la nan dlo a, se te vrèman konplike. Yo te oblije alète responsab lapolis yo.
Otorite lapolis yo te kreye tout mwayen posib pou chèche epi wete kò a nan dlo a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.