Categories: AN KREYÒL SCIENCE

Moun ki dòmi sou vant, pi fasil reve l ap fè bagay

Share

Li fasil pou w fè rèv kote w ap fè bagay lè se sou vant ou kouche, Se yon rechèch ki kite anpil polemik nan divès deba swa sou rezo sosyal yo oubyen sou panèl yo. Se yon rechèch ki fèt nan lane 2012, chèchè yo montre klèman dòmi sou vant ogmante chans pou w wèw k ap fè bagay nan dòmi.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Patisipan etid yo ki te pase plizyè nwit sou vant yo, te gen plis chans pou rapòte santiman “sèks” yo te viv sou vant lan, ki diferan de pozisyon sèten lòt te pran. “Dreaming”, se non etid sa, ki te pibliye nan jounal “New Zeland Herald”, plizyè syantifik Hong Kong te fè, kote yo te tanmen yon sondaj 670 etidyan kolèj pou pran pozisyon dòmi sou vant, ki ta pral pote konklizyon sa a.

Rechèch yo te kontinye montre, rezon ki ta lakòz reve fè bagay la plis ogmantasyon lakay moun ki dòmi sou vant yo, se paske gen mwens oksijèn ki sikile nan sèvo a lè w kouche sou vant. Lè sa a, lespri a entèprete mesaj etwat yo nan rèv erotik la. “Nou kwè sèvo a pa totalman detache nan mond lan ditou lè w ap dòmi, epi, estimilis ki gen ladan l lan, sa ki soti nan anviwònman an, yo pwobableman enkòpore nan kontni rèv moun nan souvan fè yo,” te deklare Kai. -Ching Yu nan jounal Ostralyen an Herald Sun.

Li kontinye “Sèvo a san konesans nan rèv yo, epi l ap eseye fè sans nan estimilis ekstèn yo, li konn menm sèvi ak yo.”

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Domir sexe