Nan zòn Kenskòf, popilasyon an kanpe sou 2 pye militè l pou batay ak gang yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
nan zòn kenskòf, popilasyon an kanpe sou 2 pye militè l pou batay ak gang yo

Alòske ensekirite a rekòmanse tabli kò l ak fòs nan plizyè rakwen teritwa a, nan komin Kenskòf, popilasyon an sèmante bandi pa p vin simaye latwoublay la ankò, epi menm anonse yo fenk kare kontinye ak mouvman « Bwa Kale » a.

Depi semèn pase, genyen enfòmasyon ki fè kwè bandi ak gwo zam fann fwa t ap tante okipe komin Kenskòf, sitou zòn Fèmat ak Fò Jak. Si yo te rive kontwole zòn sila yo nan mwa fevriye pou al bout avril pase, depi lè lansman mouvman popilè a, moun ki abite nan zòn sila yo rale yon souf. Toutfwa, sa pa anpeche yo rete vijilan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon sous nou kapab fè konfyans rapòte bay redaksyon an, menm gen yon brigad vijilans ki mete sou pye nan tèt kole ak komisarya polis Kenskòf la pou koresponn ak tout endividi move entansyon ki konprann yo ka vin simaye dèy nan mitan popilasyon an.

“Moun sou katye yo kanpe sou de pye militè yo pou veye bandi. Depi yo pwoche, y ap pran Bwa Kale ”, sous la te rapòte.

N ap raple, gang Kraze Baryè a ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent se youn nan gwoup ki ap tante tabli kò yo nan komin Kenskòf aprè yo fin pran plizyè pati nan Kwadèboukè, Taba ak Petyonvil. Pou kounya, kriminèl yo ap bat pou pran komin Kenskòf, men popilasyon an kanpe an kwa pou sa pa fèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.