Nèg ak zam etenn souf 2 timoun ki pral lekòl zòn Dèlma 18

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
nèg ak zam etenn souf 2 timoun ki pral lekòl zòn dèlma 18

Nèg ak zam yo pa rive idantifye fizye ak bal Paul Loubendy Denis ak Loudisson Denis, 2 adolesan ki genyen respektivman 12 ak 13 lane. De viktim yo ki se frè menm papa, mouri ayè lendi 29 me 2023 a, nan zòn delmas 18, pandan yo pral lekòl.

Abitan komin Dèlma yo te kouri prese prese mennen yo lopital. Youn ladan yo te resevwa yon bal nan tèt, lòt la te resevwa yon bal nan nivo kè li. Malerezman 2 frè sa yo pa t rive fè fas ak dram sila a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Papa viktim yo, Loudy Denis, mande èd bon Samariten yo, nan lide pou l ka òganize antèman pitit li yo. Jiksa moman redaksyon atik sa, asasen yo poko idantifye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.