Yon ansyen prezidan salvadoryen kondane pou 14 lane prizon poutèt li te negosye ak gang

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon ansyen prezidan salvadoryen kondane pou 14 lane prizon poutèt li te negosye ak gang

Ayè lendi 29 me 2023 a, lajistis nan peyi Salvadò kondane ansyen prezidan salvadoryen, Mauricio Funes, pou 14 lane prizon poutèt li te konn negosye ak gang pandan li te sou pouvwa a.

Lajistis akize Funes asosyasyon ilisit ak abandon nan devwa li yo pou gang yo te ka fè lapè an 2012. Ansyen dirijan an te refize rekonèt li te konn negosye ak gang yo oswa akòde privilèj ak dirijan li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwosè ansyen lidè a te kòmanse nan mwa avril, pandan li t ap viv Nikaragwa. Salvadò te chanje lwa li yo ane pase pou pèmèt mòd jijman sila yo fèt.

Ansyen minis sekirite Funes la, Jeneral David Munguía Payes, kondane pa bò kote pa l pou pase 18 lane nan prizon poutèt li te patisipe nan negosyasyon yo.

Ansyen Chèf Leta salvadoryen an, Mauricio Funes, kondane pou pase 8 lane pou asosyasyon ilisit epi 6 lòt ane pou abandon devwa.

Lajistis di negosyasyon ak gang yo te fèt pou fè gang ki pwisan yo sispann fè krim nan lari, konsa to omisid yo t ap bese, an echanj, ansyen prezidan an t ap ofri chèf gang ki nan prizon yo privilèj.

Salvadò te pouswiv ansyen prezidan Mauricio Funes, 64 lane, ki te gouvène peyi a soti 2009 pou rive 2014, pou lòt swadizan krim nan pou pi piti yon demi douzèn ka.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.