Tout tikè premye konsè Zafèm yo fin vann, gwoup lan anonse plizyè lòt dat

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
tout tikè premye konsè zafèm yo fin vann, gwoup lan anonse plizyè lòt dat

Pa rete okenn plas pou premye konsè Zafèm k ap fèt New-York 8 jiyè 2023 a. Se sou Facebook gwoup Zafèm fè anons sila.

Ayè lendi 29 me a, gwoup lan avèk piblikasyon yon kapti ekran sit eventbrite lan ki anonse pa gen plas ankò pou premye konsè sa. Yon move nouvèl pou anpil fanatik ki patko pran tikè pa yo pou evènman sa .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan menm dat 29 me sa, Zafèm pwofite pataje plizyè lòt dat kote melomàn yo ap gen chans jwenn li ap jwe an dirèk devan yon piblik depi lè kreyasyon li.

Gwoup Dener Ceide ak Reginald Cangé an ap gen pou jwe 15 ak 29 jiyè nan « Philadelphie » ak « Miami ».

Gwoup lan ki apèn sòti premye albòm li ki rele  » L.A.S », ki konen yon gwo siksè malgre sitiyasyon difisil Ayiti ap travèse a, pwograme de dat nan mwa dawout lan. Konsè Ayiti yo ta dwe fèt 12 ak 17 dawout nan vil Ench ak Okap.

Kominote Ayisyen an ki Repiblik Dominikèn ap gen dwa tou a dat pa yo paske 13 dawout 2023 Zafèm ta dwe jwe lakay vwazen.

Yon ansanm dat entènot yo kontan akeyi pandan y ap tan plizyè lòt ankò pou yo ka al danse gwoup sa ki se yon fenomèn nan mache mizik ayisyen an pou moman an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média