Nèg ak zam piye izin Cholzer Chancy nan zòn Pènye

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Lapolis te touye 4 prezime bandi ki te anvayi yon izin epi sezi 2 zam, nan aprè midi lendi 11 oktòb 2021 an, nan zòn Pènye. An reprezay, yon gwoup nèg ak zam vini nan sware, yo kraze biwo antrepriz la, yo pote ale dokiman ak materyèl e menm kidnape nan anplwaye yo.

Selon Cholzer Chancy ki se pwopriyetè antrepriz la, katastwòp sila rive paske lapolis pat an mezi pou l asire yon prezans nan espas la aprè l te fin fè operasyon an. Ansyen prezidan chanm depite a, ki t ap entèvni nan jounal premye okazyon maten mèkredi 13 oktòb la, rakonte kòman sa te pase epi enimere yon kantite pèt antrepriz la fè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Aprè entèvansyon lapolis la, yo te f on ti tan pou yo te ka evakye anplwaye yo, ki se 180. Men, lapolis pat rete twòp. Nèg yo tounnen, yo vandalize tout konpayi a. Yo kraze biwo. Yo ale ak kamyon, pèl ekskavatris, lodè ak lòt bagay ankò. Yo ale ak yon operatè ; se li yo fè kondi ekskavatris la.” Se sa yon anplwaye rapòte bay Cholzer Chancy, selon sa l di.

Ansyen depite a fè konnen sa rive paske, jou a menm, komisarya Pènye a pat gen ranfò. Se yè yo te jwenn ranfò epi al fè konsta pou wè ki kantite deja nèg yo te fè epi ak kisa yo ale. Li mande pou la polis pran dispozisyon pou asire sekirite pou anpeche yo pran rès materyèl ki nan antrepriz la.

Cholzer Chancy kondane zak sa epi pwofite mande yon antant fas ak jan de ka sa yo epi pwofite raple materyèl yo se pou yon seri de enstitisyon tankou BUH, Universal motors, Valerio Canez, Auto Plaza, elt. Li raple tou sa fè yon pil ak yon pakèt moun pèdi travay yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.