Nenpòt ekip ki chanpyon an, Mondyal sa ap istorik ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
nenpòt ekip ki chanpyon an, mondyal sa ap istorik ! 

Nou rive nan dènye kare Koupdimonn FIFA Kata 2022 a, se dènye liy dwat la. Rete 4 ekip, Lafrans, Mawòk, Kowasi ak Ajantin. Youn nan seleksyon sa yo pral make listwa dimanch 18 Desanm nan. 

Madi sa, faz demifinal Mondyal FIFA Kata 2022 a ap tanmen. Se Ajantin ak Kwoasi k ap jwe premye demifinal la epi Lafrans pral toke kòn li ak Mawòk pou yon plas nan final. Nenpòt jan sa ta pase nan final la, Mondyal sa ap rete nan listwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si se Lafrans ki ranpòte Koupdimonn nan, l ap konsève tit li. Chanpyon an tit la t ap vini premye peyi ki rive fè sa depi plis pase 60 lane. Si se Mawòk ki chanpyon, se ap premye peyi Afriken ki fè sa. Dayè, se premye peyi Afriken ki atenn demifinal. 

Si se Ajantin ki dekwoche tit la, istwa a ap bèl anpil pou Lionel Messi k ap genyen premye Koupdimonn li. Nan menm tan an, Ajantin ap met yon bout nan 36 lane atant pou tit sa. Dènye fwa Albiceleste a re chanpyon Mondyal se te nan lane 1986. 

Bon, si se Kowasi ki chanpyon, sa ap istorik pi rèd. Jèn nasyon an ki dispite premye Mondyal li nan lane 1998 atenn demifinal 2 fwa e final yon fwa. Li poko janm gen chans soulve mas lò a. Avèk lidè yo Luka Modrić, yo espere fè sa nan jou yo la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.