Netwayaj PSG a kòmanse sou Sergio Ramos

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
netwayaj psg a kòmanse sou sergio ramos

Jodi vandredi a, PSG anonse nan yon kominike, defansè espanyòl la, Sergio Ramos, pa p jwè klèb la sezon pwochen, kontra li rive nan bout li. Ansyen jwè Real Madrid la ki te rive nan PSG nan mèkato ete 2021 an, ap oblije kite champyon Ligue 1 an. Anyen poko di sou kibò jwè a ap depoze valiz li sezon k ap vini.

Aprè 2 sezon nan PSG, Sergio Ramos pa p kontinye evolye nan klèb kapital la daprè kominike sa ki pibliye jodi vendredi a. « Paris Saint-Germain salye Sergio Ramos ki pral kite kapital la aprè 2 sezon li pase l ap defann koulè klèb la », sa nou kapab li nan kominike sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè plizyè moman jwè a konnen pandan l ap blese souvan, Ramos te rive jwe 57 fwa pou PSG kote l make 5 gòl. Nan sans sa, prezidan klèb la pa t rete diferan sou depa lejand espanyòl la.

« N ap di Ramos nou rekonesan anpil pou 2 lane sa yo li pase ak nou. Li te montre l se yon lidè ki gen tèt ansann ak pwofesyonalis. Ak tout eksperyans Ramos genyen nan wo nivo foutbòl la, li se yon yon lejand. Se te yon onè pou n te genyen l nan PSG. Tout moun nan klèb la swete l sa ki bon yo. »

Ak 37 lane, Sergio Ramos kwè l kapab rete jwe nan wo nivo a. Kounya rete pou n konnen ki klèb ki pral achte l pou sezon kap vini an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive