Yon nouvo Dwayen Enterimè nonmen madi 27 desanm 2022 sa a nan tèt Tribinal Premye Enstans (TPI) Pòdepè a. Se Mèt Képler Desravines. Majistra a ranplase Mèt Yves Marie Périclès, ki te mouri 22 desanm 2022 a aprè yon atak opresyon. Vrèman vre, senk (5) jou aprè lanmò Dwayen Tribinal Premye Enstans (TPI) Pòdepè a , mèt Yves Marie Périclès, Konsèy Siperyè Lajistis (CSPJ) jwenn siksesè li ki se Mèt Képler Desravines.
« Majistra, Konsèy Siperyè Lajistis la (CSPJ) fè w konnen yo nonmen w, jiska yon lòt avi, Dwayen ai nan Tribinal Premye Enstans Pòdepè a », te ekri Mèt Jean Joseph Lebrun, prezidan CSPJ a, nan yon korespondans ki adrese ak konsène a.
Sepandan, mèt Lebrun raple Mèt Desravine fòmèlman nouvo responsablite sa yo konfye li a, se pwovizwa, sa ki vle di li pap rete nan pòs sa a pou lontan.
Facebook Comments