Plizyè migran Ayisyen pèdi lavi yo nan yon aksidan nan Peyi Pewou

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
plizyè migran ayisyen pèdi lavi yo nan yon aksidan nan peyi pewou
Yon ventèn migran Ayisyen rann dènye souf yo, plizyè lòt blese gravman grav nan yon aksidan nan dat samdi 28 janvye 2023 a, nan rejyon  » Piura » nan peyi Pewou, daprè laprès pewouvyèn nan. Yon ane 2023 ki kòmanse simen dèy nan mitan pèp ayisyen an.
Daprè enfòmasyon yo, bis la t ap transpòte 60 pasajè epi li te tonbe nan yon ravin. Ensidan sa a lakoz lanmò yon ventèn migran ayisyen ki t ap pwofite chape poul yo, koz anpil nan yo pa ka sipòte kriz peyi a ap travèse pandan dènye jou sa yo.
Yo ane 2023 ki pa pote twòp lespwa pou pèp ayisyen an. Ensekirite a ap kontinye vale tèren chak jou pi plis sou teritwa nasyonal la, sa ki lakoz anpil ayisyen gen degoutans pou yo rete nan peyi a. Se pou rezon sa migran sa yo t ap bat pou yo lage pye yo, men se nouvèl dlo nan je ki vin jwenn fanmi yo.
Yon sitiyasyon ki bay anpil kè kase sitou pou jenès ayisyèn nan. Anpil nan yo sanse abandone rèv yo epi yo pa wè lòt opsyon pase kite peyi a, plizyè nan yo pa wè kote avni yo asire, responsab yo bò kote pa yo, pa menm mande yo sa yo pote pou vann.
Malgre sitiyasyon an ap deteryore chak jou BonDye mete. Poutan pa gen okenn desizyon ki pran bò kote responsab yo, nan lide pou yo ta mete yon fren ak ensekirite a epi ak gwoup gang k ap simen dèy sou preske tout peyi a. O kontrè, yo kontinye gade silans yo, alòske peyi a sou yon move pant.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.