Nouvo prezidan CSPN nan prete sèman

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
nouvo prezidan cspn nan prete sèman
Majistra Jean Joseph Lebrun prete sèman 22 novanm 2022 a epi vini prezidan Lakou Kasasyon epi tou prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ).
Se pandan yon seremoni ayè madi a nan Lakou Kasasyon ki sitiye li Chanmas nouvo titilè a te prete sèman. Li te fè prestasyon li nan prezans premye minis Ariel Henry, plizyè ofisyèl nan gouvènman Tèt Kale a, divès envite kò diplomatik, reprezantan Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), Hélène Meagher Lalime, ak Komisè gouvènman pre Lakou Kasasyon an, Mèt Carves Jean.
Nan diskou li, Chèf Gouvènman an, Doktè Ariel Henry te di nominasyon sa a gen pou entansyon respekte lespri Konstitisyon an, nan sans chwa a tonbe sou yon jij pwofesyonèl ki gen yon manda nan Tribinal la ki pa soufri okenn diskisyon, e sou yon Majistra ki pwouve tèt li nan sistèm jidisyè a e ki jwi yon gwo repitasyon pou konpetans, entegrite ak onètete li genyen.
“Ak yon prezidan Lakou Kasasyon, CSPJ a, ki vin operasyonèl ankò, pral travay byen vit sou fonksyonman regilye tribinal yo, non sèlman pou atake sitiyasyon douloure detansyon prevantif pwolonje a, men tou pou fasilite, atravè pwopozisyon li yo, yon pi bon fonksyone Tribinal Kasasyon an.
“Nou bezwen jistis ki ka chanje imaj e ki jwe tout bon wòl li. Paske li rete yon jwè enpòtan nan pwodiksyon sekirite, ak yon jwè dirijan nan batay kont enpinite a k ap detwi peyi a.  Li dwe brav ak dispoze fè sakrifis pou sove Repiblik la.
Se poutèt sa, CSPJ dwe ranpli misyon li pou garanti disiplin jij yo epi asire chak jij responsab pou aksyon li yo, pou absans li ak pou vyolasyon devwa li yo.”
N ap raple Mèt Lebrun te nonmen kòm nimewo 1 CSPJ a, atravè yon arete suit ak yon konsèy minis epi ki te pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur nan dat 11 novanm 2022 a, sou direksyon Lokatè Primati a, Ariel Henry.
N ap raple, atik 175 manman lwa peyi a endike klèman se prezidan Repiblik la ki ka nonmen jij lakou kasasyon yo nan yon lis twa (3) moun pou chak syèj Sena a soumèt.
« Se Prezidan Repiblik la ki nonmen jij yo nan Tribinal Kasasyon nan yon lis twa moun pou chak syèj, Sena a soumèt.  Sa ki nan Kou d Apèl yo ak Tribinal Premye Enstans yo sou yon lis, ki soumèt pa Asanble Depatmantal konsène a ; Jij de pè yo soti nan yon lis asanble kominal yo prepare », nou ka li atik sila klèman nan Konstitisyon 1987 amande a.
La a, èske desizyon premye minis Ariel Henry pran pou nonmen majistra Jean Joseph Lebrun nan tèt CSPJ a legal ak konstitisyonèl ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.