Repiblik dominikèn rapatriye plis pase 6 mil etranje pandan dènye jou sa yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn rapatriye plis pase 6 mil etranje pandan dènye jou sa yo
Direksyon Jeneral Migrasyon an (DGM) nan Repiblik dominikèn endike pandan 6 dènye jou ki sot pase la yo, li voye 6 mil 492 etranje ki pa genyen papye legal sou teritwa yo a tounen lakay yo. Yo arete moun sila yo nan divès operasyon y ap mennen depi plizyè semèn nan plizyè pati sou teritwa a, konfòmeman ak sa lwa 285-04 la tabli.
Lwa 285-04 mande pou met lòd nan zafè migrasyon sitou nan sa ki gen pou wè ak moun k ap rantre epi vin pase tan an Repiblik dominikèn.
Operasyon sila yo te mennen nan plizyè pwovens ak kominote peyi a tankou nan Santo Domingo, Santiago, La Vega, Jarabacoa, Dajabón, Elias Piña, Baharona, Azua ak Pedernales, pou n site sa yo sèlman.
Nan Distri Nasyonal la, yo te arete mil 871 imigran san papye ;  nan Santiago, yo entèdi mil 744, pandan nan La Vega ak Jarabacoa ajan imigrasyon yo te arete 263 san papye, nan Dajabón (549), Elías Piña (106), Jimaní (345), Pedernales (194) ak nan kominote Benerito (366) ak Los Pestles (84).
Atravè yon nòt pou laprès, DGM fè konnen seyans yo te ranfòse pa ajan Kò Espesyalize Sekirite Fwontyè a (CESFRONT), manm lame Repiblik Dominikèn nan, ajan polis nasyonal la, elatriye.
Enstitisyon an repete nan chak entèvansyon yo, anplwaye pwovizwa a resevwa enstriksyon pèmanan pa Direktè Jeneral la, Venancio Alcántara, pou kenbe yon atitid imanitè, epi garanti entegrite nan chak moun.
Direksyon Jeneral Migrasyon an bay enstriksyon presi pou ajan yo toujou aji nan respè dwa prizonye yo e an akò ak sa ki tabli nan Lwa migrasyon an ki reglemante prezans etranje nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.