Nwa yo se sib otorite yo nan Repiblik Dominikèn, daprè Anbasad Etazini nan Sendomeng 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
nwa yo se sib otorite yo nan repiblik dominikèn, daprè anbasad etazini nan sendomeng 

Anbasad Ameriken an nan Repiblik Dominikèn pibliye yon alèt vwayaj pou sitwayen ameriken ki vle vwayaje nan peyi sa a.  Daprè Anbasad Ameriken an, ofisyèl imigrasyon Dominikèn ap fè pwofilaj daprè koulè po vwayajè yo. 

“Vwayajè nan Repiblik Dominikèn rapòte  yo te retade, yo te arete, oswa yo te sibi kesyon entansif nan pòtay antre yo ak nan lòt rankont ak ofisyèl imigrasyon ki baze sou koulè po yo. Gen Rapò ki montre otorite dominiken yo trete sitwayen Ameriken yo, yon fason ki  chokan se yon enkyetid konstan pou Anbasad Etazini an,” ekri anbasad Etazini nan Sendomeng, sou sit wèb li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mete sou sa, Anbasad Etazini an nan RD, ki site kèk medya Dominiken fè konnen ajan Migrasyon Dominiken yo (DGM)  fè gwo operasyon ki te vize pou arete moun yo kwè yo se migran san papye, sitou moun ki gen orijin ayisyen. 

“Nan kèk ka, otorite yo pa t respekte estati legal moun sa yo nan Repiblik Dominikèn oswa nasyonalite yo. Aksyon sa yo ka mennen nan ogmante entèraksyon ak otorite Dominiken yo, espesyalman pou sitwayen ameriken ki gen po nwa ak sitwayen ameriken ki desandan Afriken. Daprè kèk rapò,  prizonye yo fèmen  nan sant ki gen anpil moun san okenn fason pou konteste detansyon yo epi yo pa gen aksè a manje oswa twalèt, pafwa pandan plizyè jou alafwa, anvan yo lage oswa depòte an Ayiti”, te eksplike Anbasad Ameriken an nan Repiblik Dominikèn. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.