Ekip kominikasyon Lapolis Nasyonal Ayiti a, nan yon nòt li pibliye jodi lendi 20 fevriye 2023 a, fè konnen, prezime chèf gang ki rele « Blaze One » nan mouri nan echanj kout zam ak Lapolis, nan aprèmidi dimanch 19 fevriye 2023 a, nan nivo distri Sent Filomèn nan depatman Nò a. Li te gen sou li yon revòlvè kalib 38.
« Pandan operasyon fòs sekirite yo te fè a, yo te arete Wilson Jean ki gen 23 lane, yon manm nan gang « Ti Pòtoprens » ap dirije« , te ekri Lapolis Nasyonal Ayiti a, avan li fè konnen Ti Pòtoprens, Caderson ak Blaze One enplike nan plizyè asasina pa bal, vòl ak asosiyasyon kriminèl.
Yon lòt bò, ekip kominikasyon PNH la fè konnen moun ki te akonpaye endividi sa yo te gentan chape pou l yo, ladan yo Chèf gang ki rele ti Pòtoprens lan.
Kounyè a, Wilson Jean nan prizon annatandan aksyon legal ki nesesè yo.
Li enpòtan pou nou souliye, se pa rapè ayisyen ki selèb la ki mouri an, men se pito yon prezime bandi ki pote menm ti non sa.
Facebook Comments