ONA fè konnen yon premye lo chèk ONA-POLIS pral distribye madi 6 septanm 2022 a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ona fè konnen yon premye lo chèk ona polis pral distribye madi 6 septanm 2022 a 

Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès la (ONA), nan yon kominike fè konnen enstitisyon an gen  entansyon distribye yon premye lo chèk prè bay ofisye Polis Nasyonal Ayiti yo ki anrejistre nan pwogram ONA-POLIS la.  

Nan menm kominike sila enstitisyon an di distribisyon yo ap tanmen madi 6 septanm 2022 a nan lokal direksyon jeneral Polis Nasyonal Ayiti a nan Klèsin apati 10 è nan maten. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

ONA-Polis se yon pwogram ki pèmèt polisye ki anrejistre yo resevwa pansyon ak lòt avantaj ONA ofri. Li te etabli an mas 2020 nan kad yon yon pwotokòl akò ki te siyen ant plizyè enstitisyon administrasyon piblik yo, sètadi Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST), Ministè Ekonomi ak Finans (MEF), Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MSPJ). Epi PNH ak ONA.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.