Ensekirite a kontinye ap vale teren nan peyi Dayiti malgre jefò lapolis ap fè. Ayè dimanch aprèmidi 5 septanm lan, lapolis al dekouvri kadav 3 jenn gason anndan yon machin lokasyon nan zòn Koray, nan Cesselese, yon lokalite nan komin Kwadèboukè.
Yo dekouvri kadav yo aprè alèt te bay sou sa menm jou a. Machin nan imatrikile LO 03555, li gen koulè blan.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou, 3 viktim yo t ap rann yo Mibalè pou ale leve pàn yon lòt machin. Pami moun ki mouri yo genyen yon mekanisyen ki rele Frantz, yo konnen l sou non sa.
Jiskaprezan pèsòn paka di kouman 3 jenn gason sila yo fè rive bwè dlo bouch yo nan fason trajik sa anndan yon machin. Jij de pè ki te sou plas te fè konsta kadav yo epi bay lòd pou leve yo.
N ap raple awondisman Kwadèboukè a ap monte yon kalvè depi kèk tan anba men bandi gwoup gang 400 mawozo, ki sou lòd Wilson Joseph alyas Lanmò San Jou. Anpil ka fiziyad resanse nan zòn sa, malerezman lapolis poko kapab pote yon solisyon dirab ak sitiyasyon an.
Facebook Comments