Òganizasyon « Stop-accidents » nan yon bilten ki pibliye jodi lendi 5 septanm 2022 a fè konnen yo anrejistre 35 aksidan sikilasyon soti 29 dawou pou rive 4 septanm 2022 a sou plizyè wout nan peyi Ayiti.
Daprè bilan enstitisyon an, genyen 20 moun ki mouri, pami yo 3 timoun-yon bebe nan kad 35 aksidan ki anrejistre sou wout piblik yo nan peyi a.
Aksidan sa yo ki te anrejistre nan peryòd 29 dawou pou rive 4 septanm 2022 a, te lakòz 139 viktim, pami yo 119 blese. Nan mitan blese yo gen anviwon 10 timoun ak kèk yo te rapòte ki grav anpil.
« Stop-Accidents » fè konnen aksidan sa yo te fèt nan zòn Petyonvil, Twoudinò, Lali, Okay, Woutfrè, Kenskòf, Chalon (wout nasyonal #2), Wanament, Piyon, Mòn Kas (wout nasyonal #6), Kanaran, Grann Rivyè Sid (wout nasyonal #2), elatriye..
Facebook Comments