Categories: AN KREYÒL

ORDEDH resanse 18 moun ki tonbe anba bal Lapolis e mande respè ak libète piblik yo

Share

Òganizasyon k ap defann dwa moun, ORDEDH, resanse pou peryòd 6 pou rive 26 septanm 2022 a pou piti 18 moun ki ta tonbe anba bal Lapolis pandan peryòd mouvman sosyal yo nan peyi a. Lòd defansè dwa moun yo, ORDEDH, mande pou respekte dwa ak libète piblik moun yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan nouvo rapò li ki pibliye jounen mekrèdi 28 septanm 2022 a, òganizasyon dwa moun lan di li resànse pou pi piti 18 moun ki ta pèdi lavi yo akoz vyolans ajan fòs lòd yo sòti 6 pou rive 26 septanm 2022. ORDEDH, nan rapò sa, detaye chak grenn lanmò sa yo ki ta gen enplikasyon omwen yon ajan Lapolis. 

Daprè òganizasyon dwa moun lan, manifestasyon ak pwotestasyon kont ogmantasyon pri gaz la, lavi chè ak ensekirite ki gen nan peyi a se prensipal koz ki mennen ak vyolans brital ajan Lapolis yo kont sivil yo ki jis ap reklame yon pi bon kondisyon vi. 

ORDEDH raple ak ajan yo, Lapolis la gen sèlman pou itilize fòs nan ka lejitim defans ak nan sitiyasyon kote fòs la ap nan menm nivo ak sa ki prezante kòm menas la. Nan ka dènye mouvman pwotestasyon yo, otorite Lapolis yo itilize anpil vyolans kont manifestan yo, sa òganizasyon dwa moun lan presize. 

Pami ka ki mansyone nan rapò sa, nou kapab site kèk nan yo tankou 2 chofè moto nan Kafou Tifou 8 septanm ki sot pase a; Christina Joseph nan lokalite Lafosèt yo akize ajan SDPJ nan nò; Misterline Jean, yon fanm ansent ki te tonbe anba bal nan dat 13 septanm sou Dèlma; Judelin  Michel, yon ti gason 16 lane nan depatman Sid. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by