AN KREYÒLPOLITIQUE

Otorite ayisyèn yo boude envitasyon pou patisipe nan envestiti Luis Abinader lan

Nan yon sitiyasyon kriz diplomatik kritik ant 2 peyi zile Ayiti an, otorite ayisyèn yo deside pa reponn envitasyon chanselri dominikèn pou envestiti dezyèm manda Luis Abinader an. Rezon an, espas anlè Repiblik dominikèn lan fèmen pou Ayiti.

Malgre garanti minis afè etranjè Repiblik dominikèn lan, Roberto Alvarez, bay sou posiblite vwayaj otorite ayisyèn yo pou rantre Repiblik dominikèn, dirijan ayisyen yo boude envitasyon an kòm yon fòm pwotestasyon kont espas anlè dominiken an ki fèmen pou Ayiti depi plis pase 6 mwa.

Daprè minis ayisyèn afè etranjè an, Dominique Dupuy, relouvèti fwontyè ant Ayiti ak Repiblik dominikèn lan pa dwe fèt sou baz negosyasyon. Yon sitiyasyon ki te deklanche aprè ayisyen nan Wanament te deside repran travay kanal irigasyon sou rivyè Masak la.

« Tout demann pou relouvri fwontyè an dwe konsène tout ayisyen san eksepsyon, e otorite ayisyèn yo pa dwe benefisye yon privilèj kote pèp la li menm pa ka jwenn », deklarasyon chèf diplomasi ayisyèn lan, Dominique Dupuy, nan Métronome.

Sou Twitter, minis afè etranjè Repiblik dominikèn lan te fè konnen espas anlè dominiken an fèmen sèlman pou aktivite komèsyal k ap sòti Ayiti yo, men se pa pou vwayaj diplomatik, imanitè, ak lòt ankò. Enfòmasyon yo te fè kwè, dirijan ayisyen yo te gen yon itinerè ki t ap oblije yo pase nan lòt peyi pou kapab antre sou teritwa dominiken an.

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.