Depi kòmansman mwa janvye 2023 a, polisye yo pa sispann pèdi lavi yo anba men bandi ak zam. Sèlman pou mwa janvye a ki poko menm fini plis plis pase 18 polisye deja mouri asasinen. Sa ki vin fè youn nan pi gwo fòs Sekirite peyi a ap sibi vyolans ensekirite bandi ak gwo zam nan peyi a.
Daprè yon rapò Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) pibliye, gentan gen plis pase 17 polisye ki mouri anba men bandi san fwa ni lwa. Soti nan dat 10 janvye 2023 pou rive nan dat 26 janvye 2023, gen yon total 14 polisye ki pèdi lavi yo anba men gang ak zam k ap simen latwoublay tribò pabò, espesyalman nan Kapital peyi a, san konte 2 blese ak bal epi 2 ki disparèt.
Toujou nan rapò sa, òganizasyon defans dwa moun nan montre sitiyasyon ensekirite kote PNH la ap evolye a. San nou pa mansyone anpil pwoblèm ki karakterize feblès enstitisyon an. Mank materyèl, konfli entèn, pwoblèm peman, ajan ki nan konkou ak gang, pèt lidèchip estaf PNH la konsènan ajan yo, elatriye.
Polisye yo ap tonbe tankou grenn lapli
Nan dat 10 janvye 2023, pandan y ap fè yon kontwòl woutin nan Kafoufèy, bandi ak zam pa t ezite tiye ak bal 2 ofisye ki se Dempsey Denis, 32 lane, ajan 1, ki soti nan 27yèm pwomosyon ak Jean Daddy Prévilus, ajan 1, nan 31yèm Pwomosyon entitisyon Polisyè a.
7 jou aprè, Dudley Lafond, 25yèm pwomosyon Lapolis Nasyonal Ayiti, te tonbe anba bal, lè gang ak gwo zam fann fwa te atake nan zòn bisantnè yon patwouy li te ladanl, epi yo te pran kadav defen an yo ale avè l.
Gérald Octinal, 30yèm pwomosyon, Duckens Cejuste, 24yèm pwomosyon ak Luc Eliezer, 20yèm pwomosyon, te rann dènye souf yo nan dat 20 janvye 2023, lè manm gwoup gang Vitelhomme te pran yo nan anbiskad. Nan menm vandredi 20 janvye sa a, gen yon lòt ajan Lapolis la ki te blese grav, ki te al rann dènye souf li nan youn nan Lopital nan Kapital la a.
Kèk jou aprè, nan depatman Latibonit, bandi te retire lavi 7 polisye yon sel kou, nan lokalite Lyankou.
Yon enstitisyon lapolis febli
Ayè dimanche 29 janvye 2023 a, sou Komisarya ki nan Pènye a te kraze plat atè, daprè kèk enfòmayson, se menm gwoup gang Vitelhomme ki ta komèt aksyon sila a, kote plizyè machin lapolis te detwi.
Vrèman vre, tout reyalite sa yo febli moral lapolis la, e rann enstitisyon an pi frajil. San nou pa mansyone, gang ak zam yo ki pran kontwòl plizyè zòn nan kapital peyi a, epi ki ekipe ak gwo zam
zam fann fwa, ak anpil minisyon lagè.
Facebook Comments