Komisè Richemond swete Matisan disparèt nan kat jewografik la

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
komisè richemond swete matisan disparèt nan kat jewografik la

Pandan yon rapò li t ap bay 2 fevriye 2023 a sou yon seri zak malonèt bandi ap komèt nan vil okay, komisè gouvènman an, mèt Ronald Richemond swete Leta ak fòs sekirite peyi a pran responsabilite yo anvè Matisan. Daprè komisè a, pito Matisan pa egziste sou kat jewografik peyi a pou Gran Sid lan kapab respire kòmsadwa.

Komisè vil Okay la mèt Ronald Richemond, ki konstate lapenn bandi san fanmi nan Matisan yo koze nan Gran Sid Peyi nan prezantasyon bilan travay li jou ki te 2 fevriye 2023 a, montre nesesite pou Matisan pa egziste ankò kòm katye sou kat jewografik peyi a. « Si se matisan ki pou pa egziste, ke l pa egziste ankò pou Gran Sid lan viv » te deklare komisè a nan mikwo laprès 2 fevriye pase a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anons komisè a ta vle kore demann gouvènman an toujou ap fè sou tab nasyonzini an ki se : entèvansyon yon fòs militè etranje nan peyi a, si Matisan bonbade se t ap pi meyè opsyon an, daprè sa komisè Okay la, mèt Ronald Richemond ta vle fè konprann.

Li pat vle pèsiste twòp sou deklarasyon an paske sa pa t yon pwen nan rapò li, men sa pa t anpeche l defoule fristrasyon li fas ak reyalite Matisan an ki bloke pandan yon long dat, tout aktivite plizyè depatman ki anba direksyon Gran Sid peyi a, pandan li egzije Leta ak fòs sekirite yo pou yo pran responsabilite yo pou retabli lòd ak lapè epi anpeche gang kontinye renye nan peyi a.

Lapè pèpè, sekirite toujou pa garanti

Matisan, pandan yon lane 6 mwa make paj listwa youn nan pi gwo soufrans popilasyon rantre Sid peyi a te konnen, bandi san fwa ni lwa ki bay tèt yo non « Izo, Ti Lapli ak Krisla », kenbe an otaj katye sa a nan sousi pou okipe plis tèritwa oubyen gen kontwòl rantre ak sòti machandiz k ap travèse sikonskripsyon sila[…] Aprè 18 mwa ap file kout bal, malere ak malerèz te blije abandone kay yo san konte moun ki t ap gagari anba kout bal asasen san pitye ki pran plezi nan wete souf moun pou granmèsi.

5 desanm 2022 pase a, 3 bouwo òlalwa yo ta pral pran pretèks yo fè lapè, alòske konsta yo pa montre gran kichòy diferan de sa moun te konn ap viv deja nan Matisan lè lavi te konn fè lago sòti bisantnè pou rantre nan tout rakwen 1ye, 2èm, 3èm, 4èm ak 5èm avni, debouche sou tout kwen Matisan yo pou bout nan abitasyon Leklè. Asayan yo jwe malis aprè tout mal yo fin fè pèp la, yo kontinye demach sinema yo a konsa :

Bandi nan Tibwa yo kòmanse touche kòb nan men tout chofè k ap soti nan Gran Sid la pou monte Pòtoprens depi nan katye Fontamara 43.

Gran Ravin ak Vilajdedye bò kote pa l kanpe menm machin sa yo devan Komisarya Matisan 1 an, yo fè yo bay yon lòt sòm kòb pou yo ka sikile kòmsadwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pòtay Leyogàn se menm penpenp la, men se pou tout machin transpò piblik yo, yo gen yon grese men anvan menm yo derape vwayaj la. Kantite kòb chofè yo peye a konn varye, daprè remak youn nan jounalis nou yo ki te depeche espesyalman pou fè konsta yo, genyen chofè ki bay plis pase 1000 goud chak vwayaj, pafwa genyen ki bay 250 goud tou ;  » m poko bwase non kenbe sa pou mwen » sinon ka gen gwo konsekans si chofè yo ta vle konpòte yo tankou « mò », kontèks ansyen pasaje te konn repete chofè nan tan lontan yo.

Se yon mouvman 3 gwoup gang yo chita sou li pou fè lajan lè yo konsidere tire a diminye nan ekonomi yo.

Toujou daprè jounalis la, nan yon konvèzasyon ak kèk chofè epi pasajè li te tanmen (Off Mic), « demach la kite yon « wounou wounou » nan mitan moun yo, pafwa yo pale kijan koze a fè yo mal men yo blije reziye yo, paske pito yo lèd yo la », daprè sèten nan deklarasyon yo. Chofè yo blije monte pri kous la yon ti kras anplis sou sa Leta fikse a paske, fòk yo peye « meri », se non sa bandi yo rele mouvman an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Èske popilasyon an ka kontinye viv konsa nèt ale pandan dirijan yo konsyan de reyalite sa ? Oubyen èske se paske li rapòte dirijan yo ki fè yo pa janm montre volonte yo pou yo frennen machin koripsyon sa ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article