Pandan yon semèn operasyon PNH nan depatman Nòdwès la, 4 bandi arive mouri 9 lòt arete 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Foto : AyiboPost

Ekip kominikasyon depatmantal Nòdwès PNH la fè konnen ajan lapolis  yo arete 9 swadizan bandi ak lanmò 4 lòt pandan  echanj kout zam nan yon operasyon ajan UDMO te fè ki te dire yon semèn. 

Daprè sèvis kominikasyon PNH la, polisye yo te arete 9 moun pandan operasyon sa yo nan Nòdwès la.  Mete sou sa  ekip sèvis depatmantal kominikasyon PNH la di moun sa yo te enplike nan sèn piyaj kont CARITAS ak biwo COUN nan pandan mouvman manifestasyon nan depatman sa a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Moun sa yo se, Loubert Belmont alyas Mèt Kafou, Jonley Pierre alyas Lele, Ronald Petit-Dos alyas Zobobo ak Mòl. Se moun sa yo ki te tonbe anba bal pandan echanj kout zam ak lapolis jou ki te Jedi 29 septanm 2022 a, daprè enfòmasyon PNH la bay. 

Pandan operasyon sa, ajan BLTS yo te rejwenn sèt nan 13 motosiklèt yo te vòlè nan biwo CARITAS la, epi te rive rekipere lòt materyèl pandan operasyon sa yo  dapre presizyon enstitisyon polisyè a pote. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.