Paris Saint Germain vann yon mayo Lionel Messi plis pase 43 mil ewo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
paris saint germain vann yon mayo lionel messi plis pase 43 mil ewo
Pulga kontinye ap fè listwa aprè l te fin ranpòte koupdimonn foutbòl lan ak ekip li Ajantin 18 desanm pase a, nan peyi Kata, kont seleksyon nasyonal fransè a.
Paris Saint Germain rive vann yon mayo Lionel Andrés Messi pou 43 mil 623 ewo pandan yon anchè kote l te ekspoze 17 mayo plizyè lòt jwè parizyen yo te pote pandan match yo kont ekip Angers la, yon rankont ki te fini 2 a zewo 11 janvye pase a. Mayo nimewo 30 lan bat rekò tout vant yo, dimanch aprèmidi 15 janvye a nan jou vant yo.
Wi, yon fanatik rive achte mayo nimewo 30 Messi a pou 43 mil 623 ewo. Nonm nan ki se yon Chinwa, te tèlman detèmine pou l jwenn mayo meyè jwè foutbòl mond lan aktyèlman, li te kòmanse pri li yo ak 22 mil ewo, konkirans pou te jwenn mayo a te tèlman rèd se jis sou setyèm òf li, li te rive jwenn mayo a ak plis pase 43 mil ewo.
Nan menm vant sa yo, mayo Brezilyen Neymar Jr rive vann 7 mil 894 ewo. Pou mayo li te pote kont Lens ak Strasbourg yo, pa Kylian Mbappé yo rive vann respektivman 14 mil 83 ewo ak 15 mil 17 ewo. Men chif sa yo 3 fwa enferyè konpare ak pri mayo Lionel Messi a.
N ap raple PSG mete an plas sistèm vant sila yo depi fen mwa novanm 2022. Klèb la presize depi yon jwè te gentan siyen sou mayo li, oubyen l te sèlman pote l sou li, elatriye, y ap mete “ozanchè” nan lide pou rekòlte fon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.