Stop-Accidents mande chofè yo fè plis pridans sou vwa piblik la

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
stop accidents mande chofè yo fè plis pridans sou vwa piblik la
Òganizasyon Stop-Accidents, ki se « Services Techniques et Opérationnels pour Pallier au Accidents », mande chofè machin ak moto yo fè plis pridans sou vwa piblik la pou nouvèl ane a aprè l fin resanse plizyè dizèn aksidan pou 2 premye semèn mwa janvye 2023 a.
An rezon kantite moun ki pa sispann viktim nan aksidan sou vwa piblik la, òganizasyon an plede pou bon jan mezi pran pa bò kote enstans konsène yo pou jere zafè sikilasyon an pi byen pa bò isit an Ayiti, nan menm okazyon an Stop-Accidents te tou pwofite mande chofè k ap kondwi sou vwa piblik la pou yo fè plis vijilans nan lide pou evite moun viktim.
Stop-Accidents te bay alèt sila aprè l te fin drese bilan viktim aksidan ki te gentan fèt sòti peryòd 2 pou al bout 15 janvye 2023 a, kote gentan genyen 228 moun ki deja viktim aksidan, pami yo 34 mouri nan 46 aksidan sikilasyon.
Ka aksidan sila yo « Services Techniques et Opérationnels pour Pallier au Accidents » anrejistre yo nan plizyè zòn nan kèk vil tankou Pòtoprens, Okay, Aken, Lewogàn, Tigwav, Jakmel, Senmak, Wanament, Okap. Se zòn sa yo ki plis touche.
N ap raple madi 10 janvye a, nan bilan li pou tout ane 2022 a, òganizasyon Stop-Accidents di li resanse pou pi piti 5234 moun ki viktim nan aksidan, pami yo genyen 641 ki mouri nan 1155 aksidan sikilasyon, epi 4580 lòt sòti blese.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.