Anbasadè Lafrans nan peyi Dayiti a Fabrice Mauriès, dekore Michèle Duvivier Pierre-Louis nan non prezidan fransè a, Emmanuel Macron , avèk ensiy lejyon onè a, ayè lendi 13 mas 2023 a nan yon seremoni ki te fèt nan rezidans ofisyèl peyi Lafrans lan.
Daprè piblikasyon anbasad Lafrans nan peyi Dayiti fè sou rezo sosyal yo, dekorasyon sa se pou salye travay pèsonel ak pwofesyonèl ansyen premye minis lan . Dekorasyon sa, toujou dapre sa anbasad la fè konnen, rekonpanse angajman politik,sosyal ak patenarya ki la depi lontan epi ki pote anpil fwi ant peyi Lafrans ak FOKAL .
Nap raple Michèle Duvivier Pierre-Louis se dezyèm fanm ki rive premye minis peyi Dayiti. Li te okipe pòs sa sòti 5 septanm 2008 rive 11 novanm 2009. Li se tou ekonomis, pwofesè inivèsite epi fondatris ak prezidant FOKAL (Fondasyon konesans ak Libète).
Plizyè pèsonalite piblik tankou Jessica Généus ak Yanick Lahens ki te resevwa dekorasyon sa nan lane 2021 te prezan nan seremoni sila.
Facebook Comments