Yon jounen Lig dè Chanpyon istorik pou Erling Haaland

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon jounen lig dè chanpyon istorik pou erling haaland

Avèk pèfòmans sa li reyalize jodi madi an nan laj viktwa (7-0) Manchester City fè fas RB Leipzig lan, Erling Haaland rantre nan yon sèk trè fèmen ki genyen Lionel Messi kòm jwè ki reyalize 5 gòl nan yon faz eliminasyon dirèk Lig dè Chanpyon.

Atakan nòvejyen an ki te sou yon nyaj pandan sware Lig dè Chanpyon sa, kraze prèske pou kont li ekip RB Leipzig lan nan uityèm definal retou konpetisyon an avèk 5 gòl li enskri nan viktwa sa avèk prensipalman yon triple depi nan premye mitan an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon sware istorik pou Cyborg la ki rejwenn Lionel Messi kòm sèl jwè ki reyalize 5 gòl nan yon match eliminasyon dirèk Lig dè Chanpyon epi vini nan menm moman an pi bon bitè Manchester City sou yon sèl sezon avèk 39 gòl.

Atakan nòvejyen an k ap kraze Premier League la sezon sa kote l deja genyen 28 gòl nan tèt klasman an, vini pou kounya meyè bitè Lig dè Chanpyon an aprè pèfòmans ekstraòdinè sa li livre jodi madi an avèk 10 reyalizasyon.

Depi edisyon Lig dè Chanpyon 2014 la avèk atakan brezilyen an Luis Adriano ki te reyalize yon pèfòmans parèy, Erling Haaland enskri 5 gòl fas ekip RB Leipzig lan kote l rejwenn yon ti gwoup tou piti ki gen jwè ki fè tout gòl sa yo nan yon match.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.