Plezi seksyèl se yon kado Bondye, daprè Pap François

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
plezi seksyèl se yon kado bondye, daprè pap françois

Nan yon dènye sòti Pap François fè, li pa mete dlo nan bouch li pou l di sa l panse. Reprezantan Bondye sou latè beni an fè konnen plezi seksyèl se yon kado Bondye fè lèzòm.

Daprè sa BBC rapòte, Pap François fè gwo deklarasyon sou koze sèks nan lemond antye. Selon chèf Eta Vatikan an, se Bondye menm ki fè lèzòm kado plezi seksyèl. Pi lwen nan pawòl la, li rekonèt lèzòm bezwen pasyans pou yo disipline l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

266e Pap Legliz Katolik la ale pi lwen toujou nan deklarasyon sila a. Li atire atansyon moun yo sou pònografi ki daprè sa l di pote “satisfaksyon san relasyon” e kapab mennen nan depandans.

Diskou li nan Vatikan an te fè pati yon seri leson sou vis ak vèti, ki mete aksan sou sa Pap la rele “demon nan lèt”. Sa te sòti aprè kritik katolik konsèvatè yo sou nouvo chèf doktrin li an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.