Plis pase 3 500 ouvriye sektè soutretans an Ayiti tonbe nan chomaj

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
plis pase 3 500 ouvriye sektè soutretans an ayiti tonbe nan chomaj
Antrepriz koreyèn S&H Global k ap sèvi nan sektè soutretans lan an Ayiti anonse gen youn nan izin li yo nan Pak endistriyèl Caracol la ki fèmen kote genyen plis pase 3 500 ouvriye ki pou kounye a tonbe nan chomaj.
Nan yon nòt piblik, S&H Global prezante divès rezon ki pwovoke desizyon sa kote konpayi an, avèk diferan kriz peyi a konnen sou 2 dènye ane sa yo, gen anpil difikilte pou jwenn kòmand ki sòti bò kote divès patnè etranje li yo.
Antrepriz koreyèn lan fè konnen, fas ak sitiyasyon difisil y ap konnen dènye tan sa yo, yo oblije fèmen youn nan izin yo genyen yo nan Pak endistriyèl Caracol la epi revoke pou pi piti 3 500 ouvriye ki t ap travay pou yo nan divès izin asanblaj yo genyen yo.
« Pandan tout ane a, pètibasyon sa yo lakoz anpil reta nan materyèl k ap rantre yo, pwodiksyon yo ki paralize, blokaj ekspedisyon pwodwi fini yo, anilasyon kòmann yo epi konfyans yo pèdi bò kote kliyan yo genyen Etazini yo», kèk pami difikilte antrepriz lan mansyone.
Aprè desizyon sa, S&H Global fè konnen l ap peye preyavi ak tout anplwaye ki nan lis revokasyon yo, pandan l ajoute si gen amelyorasyon nan kondisyon yo avèk si yo rekòmanse jwenn kòmann y ap fè tout sa k depann de yo pou kapab rebay travay.
N ap mansyone, pandan dènye evènman «Peyi Lòk » yo, antrepriz lan souliye yo te fè anviwon 2 mwa fèmen akoz diferan mouvman pwotestasyon yo nan tout peyi a, san konte ratman gaz la ki te lakoz pa t ka gen kouran nan pak endistriyèl Caracol la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.