PNH la demanti enfòmasyon ki fè kwè li pou entèvansyon yon fòs militè sou teritwa a

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
pnh la demanti enfòmasyon ki fè kwè li pou entèvansyon yon fòs militè sou teritwa a
Direktè jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a (DGPNH) Frantz Elbé viktim yon lòt fwa ankò anba zak endividi movèz fwa. Sou rezo sosyal li yo, Polis Nasyonal Dayiti a (PNH) enfòme piblik la an jeneral, kòmandan an chèf enstitisyon an pa t janm mande pou gen entèvansyon yon fòs etranjè sou teritwa a.
Nan yon nòt pou laprès, PNH la pote yon demanti fòmèl ak divès deklarasyon ki pa gen pyès verite k ap sikile sou rezo sosyal yo epi ki angaje nimewo 1 lapolis la Frantz Elbé, tout sa nan lide pou atake entegrite l ak sal imaj li.
Enstitisyon polisyè a pibliye imaj yon lèt ki adrese ak reprezantan BINUH an (Biwo Entegre Nasyonzini yo an Ayiti) epi ki pote non DGPNH la. Lèt sila konfime pou deplwaman yon fòs militè nan peyi Dayiti. Pa bò kote pa li, PNH la di se manti.
Otorite polisyè yo mande pou popilasyon an rete vijilan pa rapò ak zak malonèt sila yo endividi movèz fwa ap poze depi kèk tan atravè yon kanpay pou denigre Direktè jeneral la.
Wi, n ap raple endividi movèz fwa itilize idantite DG lapolis la pou poze move zak deja, aprè mesye Frantz Elbé te fin viktim anba anak sou rezo sosyal yo, tankou Facebook, Twitter ak Instagram.
“Plizyè endividi ki fè tèt yo pase pou Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a Frantz Elbé sou rezo sosyal yo, (Facebook, Twitter, Instagram) ap poze move zak sou non l sou sitwayen ki onèt”, se sa nou te ka li nan nòt pou laprès sila ki pibliye nan dat lendi 26 desanm 2022 a.
PNH la te lanse yon gwo apèl vijilans ak tout moun kont magouy an liy sila k ap chèche nwi imaj ak repitasyon Misye Elbé epi anonse ouvèti yon ankèt. Jounen jodi a PNH la ak tout responsab la mande sitwayen ak sitwayèn yo verifye enfòmasyon yo pa bò kote sous ki fyab yo, avan yo pataje l.

Facebook Comments

Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.